Milouse Sylfrard, fanm kanal la fè vwèl pou peyi san chapo
Jounen samdi 12 oktòb la, Milouse Sylfrard ki tap travay sou Kanal la rive pèdi lavil swit ak yon malèz li te genyen depi kèk jou. Selon done yo, Milouse bay dènye souf li a 1è nan maten.
Daprè eleman enfòmasyon yo, li te santi yon malèz epi li te ale wè manman li Montòganize, lè l rive bò kote manman li a, li ba li yon remèd, epi li bèbè, li pa janm pale. Se rezon sa a menm zanmi ki te kapab sipòte l pa gentan konnen anyen paske li pa t pale.
Yo te tante ale lopital ak li sanble medsen pa t wè anyen, fanmi l di se koze mistik, eben mank dilijans pou ta ede l, finalman byen bonè maten an li kite nou daprè yon foto kap sikile, yon pwòch li pataje.
Nap raple nou, Milorie se yon fanm ki djanm ki te bay tout li menm pou kanal la te rive konstwi men malerezman li kite nou. Tout staf Rezo9 la voye senpati nou bay fanmi viktim nan, nou swete yo kouraj nan moman difisil sa.
Rezo9 Aktyalite Politik
