Anpil moun pèdi lavi yo nan ouragan Milton an
Jounen jedi 10 oktòb la, otorite ameriken yo anonse, gen anviron 13 moun ki deja fè vwèl pou peyi san chapo pandan pasaj ouragan Milton nan sou Florida.
Daprè otorite konsène yo, plizyè zòn tankou Siesta Key, St Petersburg, Tampa, Sarasota, St Lucie, Fort Myers toujou anba dlo. Selon sa medya amerikèn yo rapòte, gen kote dlo a rive jiska 13 pye wotè. Sa ki vle di li difisil pouw pa viktim si tout fwa ou ta nan espas ki gen dlo sa yo.
Nan rejyon St Lucie, otorite yo siyale plizyè ka lanmò, aprè yon tònad. Pou kounya, gen plis pase 3 milyon moun ki pa gen kouran lakay yo akoz ouragan an ki pa sispann frape rejyon sa yo.
Nap raple nou, sa fè twazyèm ouragan ki frape Florida, depi ane a kòmanse e se pou tèt sa otorite yo mande popilasyon amerikèn nan pou rete vijilan pou pa gen plis viktim nan dènye lè kap vini yo la.
Rezo9 Aktyalite Politik