Gwo Menas sou Etazini, Milton ap vanse.

0


 Gwo Menas sou Etazini, Milton ap vanse. 



Plizyè zòn nan peyi Etazini riske nan difikilte akoz gen yon gwo tanpèt ki ta dwe frape plizyè vil nan peyi a. Selon eleman enfòmasyon yo, lòd evakyasyon yo lanse pou pèmèt sitwayen yo mete yo alabri. 


Daprè otorite konsène yo, divès zòn tankou Tampa, Fort Myers, Sarasota, ak zòn ki antoure yo. Zòn sa yo nan gwo menas, menm si yo pa konsène dirèk, men gen lòt kote yo mande abitan yo pou yo evalye « volontèman ». Pou zòn Tampa, kote ki gen anpil ayisyen ap viv, otorite yo di pou jan yo wè Milton ap avanse a, li kapab devni pi move tanpèt kap frape vil la, depi plis pase 100 lane. 


Daprè previzyon yo, jan ouragan an ap vini la, li ka fè gwo dega nan rejyon sa yo. Sa ki vle di nenpòt moun ki nan zòn sa yo dwe rete vijilan paske tanpèt sa ka fè anpil dega nan jou kap vini yo la. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire