Lesly Voltaire enstalel nan tèt Konsèy la
Jounen lendi 7 oktòb la, Lesly Voltaire enstalel kòm nouvo prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan Vila Dakèy la. Li ranplase yon moun tankou Edgard Leblanc ki tap dirije CTP a pandan mois ki sot pase yo.
Nan seremoni sa, 8 konseye prezidan ak plizyè kò diplomatik men malgre prezans moun sa yo, Edgard Leblanc ki tap kite pouvwa a pat prezan nan kad seremoni a e anpil moun te entèprete sitiyasyon sa fason pa yo.
Annatandan genyen peyi Etazini felisite Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la pou angajman li an favè yon tranzisyon pasifik pouvwa a. Nou espere kontinye travay ak KTP a pou konstwi yon pi bon avni ke Ayisyen yo merite.
Aprè Voltaire fin pran pouvwa, te gen anpil moun ki tap esprime yo sou sitiyasyon an yo estime Konsèy la poko regle anyen depi lè yo pran pouvwa a sitou youn nan gwo objektif yo genyen se konbat ensekirite men sa pa janm fèt
Rezo9 Aktyalite Politik