Real Madrid montre konfyans ak gratitid li pou Dani Carvajal
Blese yè pandan match yo anfas Villarreal (2-0) nan kad 9e jounen Liga a, Carvajal pral elwanye tèren pandan 8 ak 10 mwa, ebyen jan sa t ap pale pandan kèk semèn, Real Madrid mete yon kominike deyò maten an pou l fè konnen renouvèlman kontra jwè Espanyòl la.
Dani Carvajal wè kontra l pwolonje ak klèb la pou jiska 2026, semèn pase jwè foutbòl la te fè konnen li p ap janm jwe nan yon lòt klèb ewopeyen ankò aprè Real Madrid koz klèb sa se vi l e si l vin jwè foutbòl sa se gras ak klèb blanch lan, ebyen tout bagay regle pou li maten an nan kominike a.
Anndan Real Madrid se yon lanmou ak respè ki gen ladan n.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
