Prezidan dominiken an Luis Abinader gen plan pou depòte anpil ayisyen nan jou yo la. Selon enfomasyon yo la Repiblik Domininikèn anonse, ayè mèkredi 2 Oktòb, yon plan pou depòte chak semèn 10 mil Ayisyen ki pa gen papye.
Daprè eleman enfòmasyon yo, desizyon sa pran nan lide pou goumen kont imigrasyon illegal e pwoteje souverennte nasyonal yo. Gouvènman domimiken an, anonse nan yon reyinyon konsèy sekirite, desizyon pou refoule 10 mil Ayisyen chak semèn nan peyi yo.
Prezidan dominiken an, Luis Abinader ki tap prezide reyinyon sa fè konnen, li pran desizyon sa paske soutyen òganizasyon entènasyonal yo ap bay Polis Nasyonal Ayiti a "lan".Pi lwen, Abinader deklare sa ki pi enpòtan se garanti sekirite Dominiken yo.
"Nou pa dwe okenn moun eksplikasyon sou sa ki gen pou wè ak respekte lwa imigrasyon nou yo" deklare prezidan Abinader ki souliye lwa sou imigrasyon yo fondamantal pou tout nasyon an.
Rezo9 Aktyalite Politik
