Inite kap goumen kont koripsyon nan peyi Ayiti (ULCC) mande pou lajistis pouswiv 3 manm konsèy prezidansyèl la pou enplikasyon yo nan koripsyon.
Non moun sa yo se, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gérard Gilles, se twa manm konsèy prezidansyèl la non yo site nan dosye koripsyon. Nan rapò ULCC a, 3 konseye prezidansyèl yo enplike nan yon koripsyon pasiv, fè abi de fonksyon yo epi mele nan podven.
ULCC mande pou mete an branl aksyon piblik kont Augustin, Vertilaire ak Gilles, jan atik 5.5 ak 5.6 lwa 12 mas 2014 la mande sa. Sa ki vle di mesye sa yo merite jwenn arestasyon yo nan jou kap vini ka.
Yon lòt bò, ULCC mande pou Lajistis pouswiv ansyen prezidan BNC a tou, Raoul Pierre-Louis ki gen men l tranpe nan koripsyon tou. Li menm tou ta dwe jwenn arestasyonl. Selon ULCC, ansyen prezidan an BNC a, fè antrav a lajistis. Li enplike tou nan bay podven epi fè abi de fonksyon l lan.
Rezo9 Aktyalite Politik
