LDC: Lille mete do Real Madrid atè nan Lig chanpyon an
Nan kad 2e jounen Lig chanpyon an, Real Madrid te deplase al sou tèren Lille, ebyen sa mal tounen pou klèb madrilèn nan ki pèdi (1-0).
Yon ekip Lille kite jwe yon foutbòl taktik ak Real Madrid e yon blòk solid anndan tèren an kite anpeche yo sòti gran je yo. Carlo Ancelotti te chwazi pa kòmanse ak Rodrygo Goes nan match la pou fè Endrick jwe, enben chanjman sa yo pa t rive pote anyen pou yo.
Lille te jwenn sèl grenn gòl match la nan 45e minit sou pennalite kite enskri pa Jonathan David, e malgre nan dezyèm mitan an, Kylian Mbappé, Modrić, Fran García ak Arda Güler men anyen pa t rive chanje nan eskò (1-0) a.
Lille finalman bat klèb madrilèn nan (1-0) e fè yo anrejistre premye defèt yo aprè 36 match pa pèdi.
Klèb Madrid la te fè 258 jou san okenn defèt nan tout konpetisyon.
E. Zhegrova te jwe yon gwo match, se limenm UEFA chwazi pou pi bon jwè match la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️