Entènasyonal Fransè a te oblije ranplase nan match yè a kont Alavés koz li te santi yon doulè nan janm goch, enben yo te fè konnen n ap konn plis detay sou blesi sa anvan 24èdtan, maten an nouvèl tonbe, Kylian Mbappé pral absan pou 3 semèn.
Nan yon kominike Real Madrid mete deyò, li fè konnen Mbappé pral rete deyò teren pou 3 semèn akòz yon blesi nan bisèps femi goch li. Mesye a pral rate plizyè match enpòtan pou klèb madrilèn nan sitou kont Atlético Madrid ak Villa Real nan Liga a, epi kont Lille nan Lig chanpyon.
N ap fè w konnen, Kylian Mbappé se youn nan pi bon bitè Liga a pandan kòmansman sezon an avèk sis (6) gòl dèyè Robert Lewandowski ki limenm genyen sèt (7) gòl.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️