Fout Transfè: Fc Barcelone dakò pou Szczesny ranplase Ter Stergen

0


 Fout Transfè: Fc Barcelone dakò pou Szczesny ranplase Ter Stergen



Pèdi pi bon gadyen yo a pou 8 mwa, Fc Barcelone jwenn yon antant pou l siyen ansyen gadyen Juventus Turin an k ap sòti nan retrèt li ke l te pran nan mwa jiyè a.



Selon Fabrizio Romano, Fc Barcelone aksepte pou l siyen Szczesny e bòd la kontan pou chwa sa kote y ap rekipere Polonè ki gen 34 lane a.



"Se t ap yon mank de respè si m pa t konsidere opsyon sa pou karyè mwen." Se konsa mesye te deklare sa.



Nan jou k ap vini yo mesye a pral gen pase vizik medikal li e aksepte tout pwopozisyon yo epi siyen yon kontra pou 1 lane.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire