Liga: Real Madrid genyen Alavés e konsève dezyèm plas la

0


 Liga: Real Madrid genyen Alavés e konsève dezyèm plas la



Alavés t ap vizite Santiago Bernabéu a yè pou wè nan ki fason li teka jennen chanpyon an tit yo, enben se pa sa k fèt, Real Madrid genyen yo (3-2) nan yon match kite parèt fasil pou yo men ki t a pral konplike nan fen an pou yo.




Vinicius Junior avèk teknisite l te pèmèt Lucas Vázquez bay Real Madrid avantaj la (1-0) apre yon minit ki te jwe sèlman, enben yo t a pral pran 39 minit avan Kylian Mbappé te mete match la (2-0) sou yon pas de Jude Bellingham e fini mitan an sou eskò (2-0) sa.



Dezyèm mitan an, twa minit sèlman ki te jwe, Rodrygo Goes te bay avantaj la (3-0) apre yon frap li te fè nan premye poto gòlkipè a e lèsa match la te vin parèt fasil pou klèb madrilèn nan, enben nan fen rankont lan, klèb Madrid la t a pral ankese de gòl nan espas yon minit, dabò nan 85e pa K. Garcia (3-1) e nan 86e pa C. Benavidez (3-2) e nan lèsa ekip Alavés la te pran konfyans men se te byen konte mal kalkile koz 6 minit adisyonèl abit la te bay la pa t pote anyen pou yo, match fini (3-2) nan avantaj Real Madrid !




Kylian Mbappé kite make yon bèl gòl, se limenm ki fini pi bon jwè match foutbòl la.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire