Real Madrid pwolonje avèk yon patnè medikal li
Yè lendi a, estaf Real Madrid t a jwenn yon antant pou l kontinye avanti ke l te genyen ak estaf medikal li a k ap fè yon ekselan travay pou klèb la.
Nouvèl la ofisyèl, Sanitas pwolonje avèk Real Madrid jiska 2027.
Sanitas se patnè medikal Real Madrid ki ansanm avèk yo depi 2002. Depi lè yo vin nan Real Madrid la, klèb la ak tout ekip baskèt la ranpòte avèk yo de a plis pase 60 tit, sa montre n klè Sanitas ap fè yon bon travay nan klèb la ak ekip baskèt la.
Nan lane 2022, Sanitas te remèt yon pri ak Luka Modrić kò m jwè kite pi an sante nan klèb la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
