Fout Balon dò: Marca anonse se Vinicius Junior k ap balon dò a
Sòti yon gwo sezon ansanm avèk Real Madrid kote l rive ranpòte twa tit e pami yo yon Lig chanpyon, Vinicius Junior se pi gwo favori pou genyen balon dò a pou ane 2023 a, enben jounal Marca mete tout koze nan lari.
Nan yon foto ke yo poste kò m premye paj yo pou maten madi a, jounal Marca anonse, se Vinicius Junior ki pral genyen balon dò a, menm jounal sa ale pi lwen pou fè konnen tout vòt sanse fini, gentan gen preparasyon ki kòmanse pou seremoni a k ap fèt nan dat 28 Oktòb pwochen nan vil Paris an Frans. Yon posibilite pou Real Madrid vin gen yon nouvo balon dò nan lakay li aprè Karim Benzema an 2022, enben se kapab chans pa Vini Jr pou ane sa.
Vinicius Junior pral vini premye brezilyen ki ranpòte balon dò depi Ricardo Izecson "Kaká" ki te pran l nan lane 2007 kote l te mennen Milan Ac ranpòte 7e Lig chanpyon l nan istwa li.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
