Dorival mete yon lis 23 jwè deyò pou Brezil

0


 Dorival mete yon lis 23 jwè deyò pou Brezil



Nan dènye trèv pou ane 2024 la, seleksyonè Brezil la, Dorival mete yon lis 23 jwè deyò pou al jwe de (2) match eliminatwa Koup dimonn nan zòn amerik di sid la kont Venezyela ak Irigwe.



Nan lis sa nou jwenn yon gwo absan, Endrick kise jwè Real Madrid la pa nan lis la, akòz tan de je li pa jwenn nan klèb li ye a. N ap raple w, Endrick pa jwe twòp pou kòmansman sezon an ak Real Madrid e pou mwa Oktòb la li pa jwe yon minit avèk yo, se yon rezon ki lakòz absans li.



Nan de dènye sòti Brezil, Endrick te jwe mezi 26 minit ak yo, li jwe 14 minit kont Chili, 12 kont Perou.



Neymar Junior ki limenm sou yon lane pa jwe ansanm ak Brezil pa fè pati ekip la malgre li retounen jwe foutbòl, dènye man an yo te fè konnen meyè jwè Brezil la ap tounen jwe nan lane 2025, yo p ap twò presipite ansanm ak li.

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire