Liga : Real Madrid soti nan yon pyèj lakay li fas Espagnol Barcelone

0


 Liga : Real Madrid soti nan yon pyèj lakay li fas Espagnol Barcelone



Resevwa lakay li nan 6e jounen Liga a, Real Madrid bat yon match ki pa t ditou fasil pou yo kont Espagnol Barcelone 4-1.


Carlo Ancelotti te deside pa t kòmanse avèk Vinícius Junior, Ferland Mendy ak Antonio Rüdiger nan match jodi a koz yon gen plizyè bon tès k ap tann yo nan jou k ap vini an, li te mete yo pran yon ti repo, men li te fè Tchouaméni jwe aryè santral, Arda Güler te ranplase Vini epi Fran Garcia te jwe sou kote goch la nan plas Mendy a.

Real Madrid te byen metrize premye mitan match la sitou avèk yon gwo Rodrygo Goes ki t ap fè travay konpatriyòt li nan seleksyon Brezilyèn nan konn fè sou bò goch la, men kanmè m yo pa t vrèman g on efikasite estra pandan mitan sa kite koz yo rantre nan vestyè ak 0-0.

Retounen nan dezyèm mitan an, Real Madrid te rete ak menm detèminasyon an, men ekip Espagnol Barcelone la te jis ap bare e mennen kont, nan 54e minit, Thibaut Courtois t a pral make kont kan l pou te mete klèb Katalàn nan devan (1-0) e lèsa klèb madrilèn nan te nan obligasyon pou l chèche egalizasyon an, Carlo Ancelotti te deside rantre Vinicius nan plas Güler touswit apre yo ankese gòl la, eben 4 minit apre, Carvajal te mete match la (1-1) apre yon bèl travay de Jude Bellingham, nou te pran sèlman 18 minit pou Real resi pase devan nan match la (2-1) gras avèk Rodrygo Goes sou yon pas de Vinicius Junior, e twa minit apre, pas de Kylian gòl pou Vinicius Jr, epi entènasyonal fransè a t a pral klotire l sou penalite nan 90e minit apre yon fot sou Endrick anndan kare a e fini match la 4-1.


Apre viktwa sa, Real Madrid pase ak 1 pwen de reta parapò avèk Barcelone ki limenm g on match anreta l ap jwe dimanch 22 Septanm nan kont Villareal, yon posibilite pou eka pwen an repase avèk 4 pwen an.


Rodrygo Goes ki jwe yon sipèb match, se limenm Liga a bay pi bon jwè match la.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire