Liga : Ter Stergen blese pou 8 mwa
Nan rankont kite opoze Villareal kont Fc Barcelone (1-5) la, Ter Stergen te oblije kite rankont lan sou blesi nan 45+3, enben gadyen Alman an pral pase on bon ti tan san l pa jwe foutbòl.
Pi bon gadyen Barcelone nan te fè yon sòti kote l koute l chè. Ter Stergen kite teren an jis anvan poz la pandan l t ap kriye koz mesye a te wè bagay yo grav pou li, enben s on blesi li pran nan jenou dwat li apre te fè yon sòti ayeryen e li te mal tonbe sa ki koz li pral pase anviwon 7 ak 9 mwa san ke l pa jwe foutbòl !
Yon gwo kou di pou Fc Barcelone ki pral prive de gadyen l lan pandan tout sezon 2024-2025 lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
