Real Madrid sibi match la men l genyen Stuttgart 3-1

0


 Real Madrid sibi match la men l genyen Stuttgart 3-1


Nan premye jounen Lig chanpyon nan nouvo fòma a, Real Madrid t ap akeyi Stuttgart nan Santiago Bernabéu a kote l bat 3-1 e fè yon twa enpòtan pou rantre yo.


Yon match kote Real Madrid te sibi rankont lan sitou nan premye mitan an, ekip Stuttgart te mal tonbe sou yon miray Thibaut Courtois ki limenm te rive kenbe klèb li anvi avèk kèk gwo arè eksepsyonèl. Premyè mitan an te fini 0-0 avèk Stuttgart ki t ap enkyete Real.


Malgre retou Jude Bellingham ak Aurélien Tchouaméni li pa rann ekip Real Madrid kontinye ap sibi match l ap jwe yo, nan dezyèm preryòd la, nou wè on lòt ekip Real ki te pi rapid an atak sitou avèk Rodrygo Goes ki limenm t ap jwe on gwo match depi nan premyè mitan an, men ki rete sou menm fò m nan pandan dezyèm mitan an, nan 46èm minit, Real Madrid t a pral ouvè eskò a (1-0) gras avèk Kylian Mbappé apre yon pas de Rodrygo Goes, e apre Stuttgart te vin mete match la (1-1) nan 68èm minit avèk D. Undav, e apre gòl sa gen dout ki t a pral genyen nan tèt Carlo Ancelotti koz ekip li a pran gòl nan yon moman kote yo t ap byen jwe, enben li te fè kèk chanjman kote l fè soti Tchouaméni, Bellingham, Militão ak Fran Garcia pou wè nan ki mezi l teka genyen match la, swit avèk yon kònè de Modrić nan 83èm minit, Rüdiger te bay avantaj la (2-1) e nan 90+5 genyen jenn jwè sa, Endrick te touye tout espwa yo ak yon gwo gòl (3-1) pou fè klèb li bat rankont lan.




Thibaut Courtois kite bon nan match la, UEFA chwazi l kò m pi bon jwè match la.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire