Preparasyon sezon : Kylian Mbappé fè premyè antrènman jodi a avèk Real Madrid
Arive pandan ete sa nan klèb madrilèn nan kote l te siyen yon kontra pou 5 lane epi l te resevwa yon prim pou siyati l la kite evalye ak 100 milyon ewo, eben Kylian Mbappé te nan vakans e wè li retounen maten an pou reprann chemen antrènman.
Sou zye Carlo Ancelotti (coach) epi Antonio Pintus (Préparateur physique) klèb Real Madrid la Kylian Mbappé t ap prepare nouvèl sezon li ansanm avèk nouvo klèb li a e wè li te a kote Jude Bellingham, Edouardo Camavinga, Aurélien Tchouaméni ak Ferland Mendy ki yo menm osi wè vakans fini depi yè mekrèdi a e yo kòmanse prepare yo e y ap gen pou pran chemen antrènman ak tout rès ekip la pandan menm semèn sa.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
