Fout Transfè : Bayern Munich pa vle Kingsley Coman
Entènasyonal Fransè a, Kingsley Coman (28 lane) wè li kapab kite ekip Bayern Munich nan pandan ete sa koz dirijan yo pa t a vle l ankò.
Selon SkySportNews, Kingsley Coman t a pwopoze tèt avèk ekip Fc Barcelone nan pou ke l ta vin nan efektif yo a pandan sezon sa e yo ale pi lwen pou yo di Hansi Flick apresye jwè foutbòl la e li se youn nan gwo fàn jwè fransè a men Barcelone dwe reyalize yo gwo vant pou l teka finalize yon lòt transfè swit apre gwo transfè Dani Olmo a.
Kingsley Coman se yon jwè ki trè rapid, teknik, trè tonik, yon mèkato estival ki t ap vrèman bon pou Fc Barcelone si l ta pran elye dwa fransè a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️