Garry Conille bay dat lekòl ap gen poul ouvri

0


 Garry Conille bay dat lekòl ap gen poul ouvri 



Premye minis peyi a Garry Conille fè konnen lekòl la ap gen poul ouvri 1e oktòb kap vini la. Minis lan fè deklarasyon sa a, pandan li tap vizite, jounen madi 6 dawout 2024 la, Kolèj Kanado-Ayisyen, nan kad dewoulman egzamen leta pou nouvo segondè IV la.


« Restaurer l'autorité de l'école », se tèm ki kenbe pou ane akademik 2024-2025 lan. Nan yon nòt Primati mete deyò, yo fè konnen daprè kalandriye eskolè a, gen yon total 940 èd tan ki pwograme pou ansèyman fondamantal, epi 1,128 èd tan pou segondè.


Selon planifiasyon ki fèt, ane akademik lan ap gen ladann 188 jounen klas, ak 11 jou konje se konsa Primati a te mete nòt la deyò. 


Yon lòt kote, malgre tout enfòmasyon sa yo sa pa anpeche anpil moun pa kwè lap posib pou lekol ta ouvri nan yon kontèks konsa kote gen anpil lekòl ki oblije fèmen akoz ensekirite a kipa sispann taye banda nan kapital peyi a. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire