Carlo Ancelotti te bay yon deklarasyon apre rankont fas Chelsea a
Real Madrid rive bat ekip Chelsea a (2-1) nan kad dènye match amikal yo nan presezon an, eben Carlo Ancelotti te pwofite elòj pou kèk jwè e pale egzakteman sou pozisyonnman Tchouaméni ak Luka Modrić pandan sezon an.
"Tchouaméni, defansè santral ? Non, se nan mitan tèren an l ap ye."
Modrić ka jwe yon ti kras agoch, men tou kòm pivo. Tchouaméni pa gen menm kalite ak Modrić, men s on jwè tèt chaje.
Militão bay yon bèl pèfòmans. Se menm bagay la pou Modrić, Rüdiger ak Ceballos. Kounya, n ap tann kòman sa ap ye pou sila ki pral tounen yo.
Endrick ak Arda Güler pa t sou tèren an paske yo te bezwen rekipere aprè match kont Baselòn nan. Yo te sèlman antrene yon fwa nan maten.
Pwochen match Real Madrid se pral yon match ofisyèl k ap mennen nou wè final Sipè Koup Ewòp la 14 Out k ap vini la kont ekip Atalanta a, se pral yon posibilite pou Kylian Mbappé ranpòte premye tit li ak klèb blanch lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️