Fout Transfè : Julian Álvarez se pral nouvo jwè Atlético Madrid
Jwè Ajanten an ki apenn sot chanpyon Kopa Amerika a avèk Ajantin wè li pral finalman kite Angletè pou li travèse nan peyi Espay.
Julian Álvarez te wè ke l pa alèz nan ekip Manchester City a li te mande ajan li pou chèche negosye avèk yon lòt klèb pandan mache transfè a paske l te gentan enfòme dirijan City yo ke l ap kite klèb la sezon sa, eben se Atlético Madrid ki pral finalman jwenn sèvis jwè foutbòl la pou senk lane k ap vini yo avèk montan transfè a ki avalye ak 95 milyon ewo.
Yon gwo kou pou dirijan Atlético Madrid yo ki achte jèn jwe Ajanten ki gen 24 lane a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️