Fout Transfè : Dani Olmo ap kite RB Leipzig

0


 Fout Transfè : Dani Olmo ap kite RB Leipzig


Jan te kòmanse depi apre Koup Ewòp la, Fc Barcelone te voye zye l sou jèn jwè Panyòl la pou wè nan ki fason yo teka pran l pou mete nan efektif yo, eben t a sanble tout bagay sanse konkli.


Dirijan Fc Barcelone yo te oblije rive nan peyi Allemagne pou al diskite ansanm ak dirijan RB Leipzig yo sou yon posib transfè de Dani Olmo, eben selon Fabrizio Romano tout bagay sanse oke pou tou de klèb yo rete sèlman nòt ofisyèl klèb Panyòl la sèlman pou tout bagay sanse fini.


Se yon transfè ki pral koute Barcelone 60 milyon ewo ak yon kontra pou 5 pwochèn lane k ap vini la.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire