Jounen lendi 5 dawout la, plizyè benefisyè kite konfime nan pwogram Biden nan finalman jwenn otorizasyon pou antre nan peyi Etazini.
Benefisyè sa yo rive anbake nan avyon, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture (Pòtoprens),aprè responsab yo nan CBP te bay konpayi ayeryèn yo otorizasyon.
Se yon desizyon benefisyè Ayisyen yo akeyi avèk anpil kè kontan. Plizyè moun ki te rate vòl yo wikenn pase a, yo menm tou te debake nan ayewopò a, pou te vin chache konnen kilè yap ka vwayaje.
Nap raplew gen Kèk benefisyè Ayisyen ki te konfime deja, e ki tap tann otorizasyon vwayaj depi kèk mwa, resevwa dokiman kap pèmèt yo vwayaje vini Etazini legalman.
Pandan tan sa a, otorite yo nan USCIS ap mennen envestigasyon sou plis pase 30,000 aplikasyon ki te deja apwouve. Paralèlman, gen yon sous nan ajans federal la ki di Miami Herald, aktyèlman gen plizyè dizèn milye demann yap egzaminen “manyèlman”.
Rezo9 Aktyalite Politik
