Poukisa Joe Biden abandone eleksyon an?
Aktyèl prezidan ameriken an, Joe Biden ki sou pouvwa depi 2021 te deklare se paske gen pati demokrat ki tap fè presyon sou li kifè li te oblije retire kòl poul kite plas la ak Kamala.
Si gen moun kite rete kwè sante Biden ki lakoz li pran yon desizyon konsa, ebyen chèf leta ameriken an deklare se pa rezon sa kifè li bay vag nan kous la men se paske pati demokrat yo tap bali gwo presyon.
Pandan Joe Biden tap fè deklarasyon sa yo, genyen jounal BBC ki fè konnen nan jou ki sot pase yo Biden te takle Donald Trump kotel fè konnen si Trump pran pouvwa se ap yon move bagay pou Etazini paske milyadè reprezante yon danje pou peyi a.
Sa ki vle di nan pwochen eleksyon an, prezidan ameriken an pral sipòte Harris Kamala poul ka kontrekare repibliken an. Nap raplew se madi 5 novanm kap vini la eleksyon an ap gen poul òganize.
Gen plizyè ekspè ki kwè, se Donald Trump ki pral reprann tron nan ankò paske nan tout istwa Etazini pat janm gen yon fanm kite rive prezidan.