Final Sipè Koup Ewòp : Real Madrid chanpyon sou Atalanta
Chanpyon an tit Lig chanpyon an, Real Madrid sot genyen Atalanta nan final Sipè Koup Ewòp la e pase devan nan klasman ekip ki chanpyon plis nan istwa konpetisyon sa.
Gras avèk Federico Valverde ak Kylian Mbappé ekip Real Madrid la rive genyen Atalanta (2-0) e ranpòte sizyèm twofe l nan konpetisyon sa e pase poukont li nan tèt klasman an.
Yon premyè mitan kite bokou plis nan men ekip Atalanta a paske se yo k te kreye plis okazyon ki teka mete Real Madrid nan gwo danje men gras avèk Thibaut Courtois kite fè yon bèl arè sou on tèt de atakan ekip Bergame nan men nou t a pral wè mitan match la te fini (0-0).
Nan dezyèm mitan an, Real Madrid parèt avèk yon lòt dispozisyon kote Mbappé ki limenm t ap jwe pwent pandan premyè mitan an men ki t a pral yon elektwon lib nan dezyèm mitan an sa kite vin fè Rodrygo Goes ala fwa elye e ala fwa pwent, yon balon ki degaje e Mendy te rive mete tèt li ladann ki tou al jwenn Bellingham ki sèvi Vinicius Junior e debòdeman plis pas pou Valverde (59èm) se te gòl ouvèti eskò a e sa pa t pran tan pou Kylian Mbappé sou yon pas desiziv de Jude Bellingham (68èm) te mete klèb madrilèn nan devan ak (2-0) e touye espwa Atalanta nan match foutbòl la. Malgre rantre Arda Güler, Brahim Diaz, Dani Ceballos ak Lucas Vázquez eskò a pa t chanje kote l fini (2-0).
Apre twofe sa, klèb blanch lan devan nan klasman konpetisyon sa ak 6 tit ranpòte e nou jwenn dèyè l se ekip tankou Liverpool, Fc Barcelone ak Milan Ac ki gen (5) tit e apre nou jwenn Liverpool (4), Atlético Madrid (3), Ajax, Bayern Munich, Chelsea, Juventus ak Valence genyen (2) tit.
Jude Bellingham fini pi bon jwè final la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️