Carlo Ancelotti ak Luka Modrić mete nouvo rekò nan Real Madrid

0


 Carlo Ancelotti ak Luka Modrić mete nouvo rekò nan Real Madrid



Swit apre Real Madrid sot chanpyon Sipè Koup Ewòp la sou ekip Atalanta a (2-0), Carlo Ancelotti (antrenè) ak Luka Modrić (jwè) mete yon nouvo rekò nan tout istwa klèb blanch la.



Carlo Ancelotti ki sot ranpòte 3èm Sipè Koup Ewòp li sou koulè ekip Real Madrid la vini antrenè ki ranpòte plis twofe (14) avèk klèb lan kote li ekzeko ak M. Munoz men antrenè Italyen an ranpòte tit pa l yo nan 5 lane poutan Munoz pran pal yo nan 15 lane e answit nou jwenn Zidane (11) twofe nan 4 lane, Molowny (8) twofe nan 4 lane.




Luka Modrić ki limenm sot ranpòte 5èm Sipè Koup Ewòp li, sa vin fè l pase ak (27) twofe nan Real Madrid e vini jwè ki plis titre nan tout istwa klèb blanch lan devan Nacho ak Carvajal (26) twofe, Marcelo ak Benzema gen (25) twofe nan pi gwo klèb istwa foutbòl la.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire