Plis pase yon santèn timoun viktim an Ayiti pou 2024 la.

0


 Plis pase yon santèn timoun viktim an Ayiti pou 2024 la.  



Daprè yon kominike Save the Children mete deyò, yo fè konnen pou ane 2024 sa gentan gen 131 timoun ki blese oubyen ki pèdi lavi yo pandan atak bandi nan plizyè katye nan peyi Dayiti. 



Nan ka sa, genyen loni kite deklare nan 6 premye mwa ki sot pase yo, gen anviron 5 timoun swa ki blese oubyen ki mouri chak semèn.


Selon Save the Children, chif sa yo plis pase sa loni bay la sa ki vle di gen plis timoun toujou ki viktim nan peyi a men pifò ladan yo se anba men ti mesye ame yo viktim sitou lè gen afwontman. 


Enstans lan avanse poul di gen anpil nan timoun sa yo ki viktim bal pèdi, konsa gen lòt se popilasyon an menm ki ba yo bwa kale akoz yo ta fè pati nèg a manch long yo. 


Nap raple nou depi lè fòs miltinasyonal la te jwenn otorizasyon pou debake an Ayiti gen plizyè òganizasyon dwa ansanm ak Save the Children te deja fè konnen gen gwo risk pou gen anpil timoun ki viktim pandan entèvansyon yap gen pou fè yo. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire