Foutbòl : Emi Martinez chanje nimewo nan ekip Aston Villa a

0


 Foutbòl : Emi Martinez chanje nimewo nan ekip Aston Villa a



Chanpyon dimonn ajanten an, Emi Martinez ki sot pase yon gwo sezon nan ekip Aston Villa a e kite menm pami twa pi bon jwè ekip sa te genyen sezon pase, eben gadyen nimewo 1 an rive chanje dosa nan klèb sa.



Sezon pase nou te wè gadyen ajanten an t ap pote dosa 1 nan klèb Anglèz la e li chwazi chanje l ak nimewo 23 a, kote l estime ki mete l kote l ye jounen jodi a e li te pwofite pale de youn nan pitit li yo.



“M genyen tout twofe posib yo nan ekip nasyonal la ak nimewo 23 a epi se jou pitit gason m nan te fèt. Pou m onèt, m se yon moun ki trè sipèstisye, m vle pote twofe pou fanatik Aston Villa yo.” se deklarasyon youn nan pi bon gadyen ki genyen nan moman sa.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire