Lapolis nan sidès detwi yon cham marijuana

0


 Lapolis nan sidès detwi yon cham marijuana 


Ayè mèkredi 14 dawout la, lapolis nan sidès te mennen yon operasyon nan lokalite Bwa Kodèn ki nan komin Bèlans kote yo rive boule demi karo tè marijyana. 


Se ajan BLTS yo ki te mennen entèvansyon sa ansanm ak SDPJ- SE akonpayne ak UDMO ki nan sidès la. Selon PNH la,  nan moman entèvansyon sa plizyè moun ki ta patisipe nan mete pwodwi sa kanpe te rive chape poul yo. 


Daprè lapolis cham marijyana sa se pou yon endividi ki rele Alexandre Renoir li ye men se Petyonvil sitwayen sa abite malerezman yo pat jwenn li sou plas nan moman yo te rive nan espas la. 


Nap raple nou, te genyen yon jij depè te prezan nan moman polisye yo tap detwi marijyana sa. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire