Kout bal chante tankou lapli nan Solino

0


 Kout bal chante tankou lapli nan Solino 




Ayè jedi 15 dawout la nan aswè, nan katye Solino, ak lòt zòn ki antourel yo te gen anpil katouch ki tap chante. Plizyè sitwayen nan zòn nan te mande otorite yo sekou akoz yo pat kapab ankò. 



Selon kèk moun nan katye sa yo, katouch yo te kòmanse depi nan aprè midi pou rive jiska 11zè nan aswè. Selon sa sitwayen xo rapòte, gen anpil moun ki deja viktim e yo mande otorite konsène yo pou fè yon entèvansyon pou evite plis moun mouri toujou. 


Anpil moun nan Solino te oblije kouri kite kay yo akoz kout bal ki tap chante tout kote. Daprè plizyè sitwayen,  malgre sòlda Kenya yo prezan nan peyi a sa pa anpeche ensekirite ap kontinye taye banda plis toujou se tankou Kenyan yo pat janm prezan. 


Nap raple se anviron 90% nan kapital la ki okipe pa gwoup ame e sitiyasyon Solino a pa nouvo, kote nèg ak zam souvan vin atake katye sa a, nan kad yon batay pou kontwole plis teritwa. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire