Final : Edouardo Camavinga blese e fòfè kont Atalanta

0


 Final : Edouardo Camavinga blese e fòfè kont Atalanta


Yon jou anvan final Sipè Koup Ewòp la ki pral mete fas pou fas Real Madrid kont ekip Atalanta a demen 3è pm, eben yon kou di pou klèb madrilèn nan ki pèdi yon jwè enpòtan pou rankont sila.

Edouardo Camavinga pral rate premyè match ofisyèl Real Madrid pou sezon an, jwè fransè a pandan dènyè antrènman yo jodi a rive blese swit avèk yon chòk ansanm avèk konpatriyòt li Aurélien Tchouaméni, yon blesi ki pa vrèman grav selon premye tès yo te fè pou li men sofke li p ap kapab jwe match demen an.



N ap konnen dire endisponibilite jwè a pandan semèn sa paske yo pral fè l plizyè tès pou n konnen valè tan li dwe fè san ke l pa jwe foutbòl.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire