Polisye ayisyen yo sove sòlda Kenyan yo

0


 Polisye ayisyen yo sove sòlda Kenyan yo


Jounen lendi 12 dawout la, polisye Kenyan yo te ale nan misyon avèk PMH la nan zòn Ganthier men malerezman bagay yo pa byen pase selon sa redaktè an chèf Le Nouvelliste Haïti a te fè konnen sou Radio Magik9. 


Frantz Duval eksplike, nan misyon sa se gras ak entèvansyon fòs lòd Ayisyen yo, ki fè Kenyan yo tounen vivan. Selon jounalis la, aksyon sa wouve Lapolis gen plis mwayen pase Kenyan yo, ki te sipoze la pou sipòte yo.


Se sak fè anpil ayisyen kwè si vrèman leta te gen volonte pou mete sekirite nan peyi a polisye ayisyen yo gen ase kapasite pou rezoud pwoblem sa men malerezman pa gen okenn volonte poun soti nan kriz sa. 


 Yon lòt bò, nan yon atik ki soti nan jounal Miami Herald, 30 jiyè pase a, Pòt-pawòl kòmandan fòs Kenyann nan, Godfrey Otunge te deklare : « yo pap ka konbat gang yo avèk efikasite, si ameriken pa ba yo materyèl nesesè ». Otunge di blennde yo genyen yo la a, se tankou anbilans, yo paka batay avè yo. 


Jan bagay yo ye la, sanble Kenyan yo se bèl postè yo vin fè yo pap vin regle twòp bagay antouka nap tann si vrèman ap gen amelyorasyon nan jou yo oubyen si sitiyasyon yo ap rete menm jan. 


Nap raplew nou, done yo moutre plis pase 80% nan kapital peyi a okipe pa gwoup ame ki pa sispann mete laperès nan mitan popilasyon an. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire