Klèb Katalàn nan te an deplasman lakay Valence pou premye jounen chanpyona Espayòl foutbòl la, eben jenn gason k ap antrene pa Hansi Flick yo rive fè yon twa pwen enpòtan kote yo bat (2-1).
Poutan se ekip Valence lan kite jwenn ouvèti eskò a gras avèk Hugo Duro nan 44èm minit (1-0), eben sa pa t pran tan pou Barcelone te match la (1-1) gras avèk Robert Lewandowski nan 45+6 pou fè klèb li rantre nan vestyè avèk eskò nil sa.
Dezyèm mitan an, Fc Barcelone pral jwenn yon penalite nan 49èm minit ki t a pral transfòme pa Robert Lewandowski (1-2) ki limenm t a pral make double pèsonèl li nan rankont lan e rann klèb li enpoze l sou ekip Valence lan.
Pwochen match Fc Barcelone se pral samdi ak 1è nan apre midi kote y ap resevwa Athletic Bilbao nan dezyèm jounen chanpyona Espayòl foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
