Èske imigrasyon pap fè paspò ankò?
Selon Jounalis Luckson Saint -Vil nan yon apèl li te genyen ak yon responsab Direction de l'Immigration et de l'Émigration yap travay pou debloke dosye paspò ki nan sistèm nan.
Daprè responsab la, desisyon pou te kanpe kesyon paspò a se pat pou penalize sitwayen yo, men pito, pou pèmèt plis moun ka rekipere paspò yo. Sitou nan moman sa se youn nan pyès ki pi difisil pou fèt nan peyi a.
Yon lòt bò, Stéphane Vincent presize, si yon sitwayen gen yon demann ki ijan, ki jistifye, epi imigrasyon apwouve l, yap trete l kanmenm. Direktè sèvis imigrasyon an mande popilasyon an pou pran pasyans, paske gen yon ekip kap travay lasemèn tankou wikenn, pou libere rapid rapid, anviwon 10,000 dosye paspò ki tap soufri.
Nap raple nou, nan jou ki sot pase yo gen enfòmasyon kite fè konprann imigrasyon kanpe sou fè paspò ebyen selon moun ki konsène yo pasa li ye vre se travay yap travay pou pèmèt sistèm nan ka bay pi bon sèvis nan jou kap vini yo.
Rezo9 Aktyalite Politik