Nan kad ouvèti sezon 2024-2025 nan Liga a, chanpyon an tit la Real Madrid te an deplasman lakay Majorque a kote yo rive sove yon nil (1-1).
Rodrygo Goes ki limenm te rete sou 1100 minit kote l pa t janm make gòl pou Real Madrid tout konpetisyon konfondi, eben se jwè brezilyen an ki te ouvè eskò match lan (1-0) nan 13èm minit jis apre nan 53èm minit V. Muriqi te mete match la (1-1) pou ekip li Majorque e tèmine l sou eskòl nil sa.
Apre rankont lan gen yon pakèt kritik k ap fèt sou ekip Real Madrid sa sitou avèk atak yo a ki genyen Vinicius Junior, Rodrygo Goes ak Kylian Mbappé koz tou twa jwè sa plis alèz lè yo a goch eben kotch la kise Carlo Ancelotti te deklare nan mikwo laprès "Pou lè l goch la, se swa Vini oubyen Mbappé k ap jwe l, men yo de a ap pèmite ak toutan".
Pandan mitan match la genyen Jude Bellingham ak Mbappé te nan yon pale sou jan mitan match la te fini kote yo di.
🗣️ Bellingham: «Nou dwe fini atak nou yo. »
🗣️ Mbappé: «Mwen dakò, nou dwe fini atak la ak yon bagay. Byen vit. »
🗣️ Bellingham: « Menm si pa gen anyen, kreye espas epi [tire].»
Pwochen match Real Madrid se pral dimanch ak 11è nan maten kont Real Valladolid.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
