Kòmandan Misyon Kenya a voye mesaj bay gang yo

0


 Kòmandan Misyon Kenya a voye mesaj bay gang yo 



Lendi 12 dawout ki sot pase la, chèf Misyon miltinasyonal la Godfrey Otunga deklare bandi yo pap gen kote pou yal kache lè sòldal yo pral kòmanse mennen operasyon. Otunga fè deklarasyon sa yo nan yon rankont li te genyen ak sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken an.  


Gen anpil ayisyen kite deja kòmanse plenyen akoz yo estime sòlda kenyan yo poko mennen okenn operasyon pandan yo gen anpil tan nan peyi a. 


Nan ti chita pale, Godfrey te genyen ansanm ak Cristobal Dupouy ki se sekretè jenetal OEA yo a, kòmandan Misyon an te remèsye òganizasyon ameriken an akoz sitò yo pote ak fòs la malgre yo te gen anpil difikilte. 


Yon lòt bò, Òganizasyon Eta Ameriken an fè konnen yap kontinye pote èd yo bay ak fòs Kenya a pou prezans yo an Ayiti ka pote siksè. OEA pwomèt yo pral kontinye travay ansanm pou yo rive reyisi misyon an. 


Nap raplew, Godfrey Otunga te deklare ak komite Karayib la CARICOM ke lap bezwen prezans elikoptè nan moman li pral kòmanse mennen operasyon yo nan jou kap vini yo la sitou Kenyan yo plenyen anpil akoz gen anpil materyèl ki poko rive jwenn yo. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire