Lapolis fouke plizyè moun nan Taba ladan yo gen 2 jounalis.

0


Lapolis fouke plizyè moun nan Taba ladan yo gen 2 jounalis. 



Nan yon operasyon Polis Nasyonal la tap mennen Kafou Rita ki nan komin Taba, jounen jedi 15 dawout la, PNH la anonse yo arete 13 endividi pami yo gen 2 jounalis ak 3 polisye ki jwenn arestasyon yo. 


Non jounalis sa yo se Banatte Daniel ansanm ak Richelson Senelus. Pandan operasyon sa a ki dewoule, jedi 15 dawout 2024 la, inite espesyalize yo sezi yon fizi « Ruger Carabine », 2 pistolè, 15 katouch, 10 mil 250 goud, 4 blòk chèk ak 2 telefòn. Daprè Police Nationale d'Haiti - PNH, 2 jounalis yo te nan yon Toyota Land Cruiser, koulè blanch, nimewo plak : SE-06202. 


Daprè Michel Ange Louis, gen 5 endividi ki tonbe nan echanj katouch ak fòs lòd yo, pami yo Casalès Blanco, alyas Gwo Fanfan, ki se pwopriyetè « Anvayi Otèl » nan Kafou Rita. Selon sa PNH rapòte, Gwo Fanfan ki se yon evade prizon, se te manm kowalisyon gang « Viv ansanm ». Pandan operasyon an, li te gen ak li 3 polisye, ki yo menm jwenn arestasyon yo. 


Nap raple nou, radyo Regard kise radyo kote Banatte Daniel tap travay la deja anonse yo pa gen anyen pou yo wè ak sak pase a daprè medya a jounalis la gen 2 mwa depi li pa anime emisyon an ankò. 


Rezo9 Aktyalite Politik


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire