Ki kantite ayisyen ki gentan antre Etazini?

0


 Ki kantite ayisyen ki gentan antre Etazini? 



Daprè dènye chif CBP pibliye, ayè  vandredi 16 dawout la, soti janvye 2023 rive fen mwa jiyè 2024,Ayiti toujou devan nan kantite moun ki konfime epi vwayaje vini Etazini 211,000 konfime - 205,000 ale.  


Nan dezyèm pozisyon nou jwenn Venezyela, ki gen 118,000 benefisyè ki konfime, epi 115,000 ladan yo deja rantre sou sòl ameriken an. Sa ki vle di depi lè pwogram nan kòmanse a se Ayiti ak Venezyela ki gen plis moun ki benefisyel. 


Nap raple nou, depi lè pwogram nan demare, gen 520,000 moun ki gentan vwayaje ale Etazini. Yon lòt fwa ankò, CBP di yo fon ti kanpe sou kesyon bay otorizasyon vwayaj, pandan yap kontinye mennen envestigasyon pou yo ka rekòmanse rapidman avèk tretman demann yo. 


Pou anpil ayisyen se Letènèl menm ki voye pwogram sa si tout fwa li ta kanpe se ap gwo kou pou anpil ayisyen kap chache kite peyi a akoz ensekirite a kap tae banda tout kote. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire