Fout retrèt : Jürgen Klopp anonse li kapab mete fen nan karyè antrenè li
Yon anons ki fèt jodi a sou tout kont mesye a disponib kote l fè konnen li sou wout pou l mete fen ansanm avèk karyè antrenè li.
Avèk 57 an, ansyen antrenè Borussia Dortmund ak Liverpool ap panse seryezman pou l mete fen nan karyè antrenè li.
"A pati jodi a, se fini pou mwen antanke antrenè !
Mwen pa pran desizyon sa a sou yon kapris, men se te yon desizyon jeneral.
Mwen antrene pi bon klèb nan mond lan.
M te toujou anvi travay nan foutbòl la e ede kèk moun avèk eksperyans mwen e kontak mwen.
Kounye a, pa gen absoliman anyen an tèm de travay. Pa gen kleb, pa gen seleksyon.
Mwen pral kontinye travay. Mwen twò piti pou m jis jwe padel epi pase tan sèlman ak pitit pitit mwen yo.
Èske ou pral antrenè ankò? Mwen eskli posibilite sa a pou moman sa a. Nou pral wè nan kèk mwa. » se te kèk nan pawòl Jürgen Klopp sou posib anons retrèt li kò m antrenè l la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
