Fout Transfè : AS Roma ofisyalize arive Artem Dovbyk
Anonse plizyè fwa nan Atletico Madrid apre yon sezon ekstrawòdinè avèk Girona (41 match, 25 gòl, 10 pas desiziv) Artem Dovbyk finalman kite Espay pou ale nan peyi Itali.
Jodi a, AS Roma ofisyalize arive Artem Dovbyk nan efektif yo pou sezon sa k ap vini la, atakan 27 lane a siyen yon kontra ak klèb sa pou 5 pwochèn lane k ap vini yo. Se yon transfè ki koute klèb ki soti nan kapital Itali a 35 milyon ewo.
Artem Dovbyk pral pote nimewo 11 lan nan ekip AS Roma a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
