Soti avril pou rive mwa jen, bandi kidnape 428 moun
Daprè dènye rapò trimèstriyèl Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), soti nan mwa avril ki sot pase la pou rive nan
mwa jen an, nèg ak zam kidnape plis pase 400 moun nan peyi Dayiti.b
Selon menm enstans lan, pou piti 73% nan kidnapping sa yo fèt nan depatman Latibonit. Gen plizyè lòt kidnapping tou ki fèt nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, Kafou ak Gresye se zòn sa yo ki gen plis pratik sa pandan 2 denyè mwa ki sot pase yo.
Pou dezyèm trimès ane 2024 la, Nasyonzini di gen pou piti : 1,379 moun ki mouri epi blese. Nan rapò a, yo site pa egzanp 128 moun ki viktim nan zòn Delmas 24 ak Solino, epi 233 lòt nan komin Kafou ak Gresye.
Jan nou ka remake sa, ensekirite a pa sispann taye banda nan peyi a. Gen kèk zòn ki vin gen plis vyolans pandan ane sa. Pami zòn sa yo, nou jwenn komin Kafou, Gresye, Delmas, Solino san nou pa bliye Latibonit tou.
Pou anpil moun, Premye minis lan Garry Conille dwe pran responsabilitel, e li lè tou pou sòlda Kenya yo kòmanse met pye yo atè paske se chak jou ensekirite a ap vin pi rèd toujou nan peyi a.
Rezo9 Aktyalite Politik
