Jounen madi 16 jiyè a, gen yon dezyèm gwoup polisye Kenya antre nan lakou Pòtoprens. Se direktè Polis Nasyonal la Normil Rameau ak ofisye kenyan an Godfrey Otunga ki te al akeyi yo.
Sòlda sa yo te desann nan areyopò Toussaint Louverture a. Done yo moutre te gen 200 ki vini pou vin ranfòse lòt sòlda yo kite deja nan peyi a kote yo deja gen baz yo nan zòn Taba depi 21 jen pase.
Jan enfòmasyon yo te fè konnen objektif fòs miltinasyonal sa se mete sekirite nan peyi a sitou nan kapital peyi a kote 80% nan katye yo se gwoup ame kap dirije. Daprè anpil moun nan popilasyon an mesye kenyan yo dwe kòmanse poze aksyon paske yo deja gen yon mwa men anyen poko janm fèt.
Nap raplew, dezyèm gwoup sa tap rive a anpil ladan yo te bese pou bo sòl peyi a. Pou kounya sa fè anviron 400 ofisye ki deja sou sòl ayisyen an, ki ap prepare yo pou premye faz misyon an.
Rezo9 Aktyalite Politik
