Fout Transfè : Barcelone vle genyen Nico Williams nan efektif yo

0


 Fout Transfè : Barcelone vle genyen Nico Williams nan efektif yo

Jan sa te anonse pandan Koup Ewòp la, dirijan Barcelone yo te wè nan Nico kò m opsyon ideyal yo pandan mache transfè a swit ak kolaborasyon jenn Panyòl la ak Lamine Yamal.


Jodi a nan kad yon rankont kite genyen ant direktè espòtif Barcelone nan Déco ak ajan Nico a kite dewoule nan Zarogoza jan @jijantesfc te rapòte li a.

Barcelone prezante yon pwopozisyon kontra a long tèm, estrikti salè ak plizyè detay pou avanse rapid.

Hansi Flick, Deco, prezidan Laporta tout vle jwè Panyòl la rive nan efektif yo pandan sezon sila.

Klèb nan peyi Angletè yo vle mete bouch nan koze sa men Barcelone ap tann rapidman apwobasyon "Fair-play" finansyè pou yo kapab kontinye nan "deal" sa e kloz liberatwa jwè a se 58 milyon ewo.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire