Reala Madrid prezante ofisyèlman Kylian Mbappé bay piblik madrilèn nan

0

 


Reala Madrid prezante ofisyèlman Kylian Mbappé bay piblik madrilèn nan



Jan sa te anonse depi debi mwa jen an, Real Madrid te ofisyalize arive Kylian Mbappé nan efektif yo a pou on kontra k ap dire 5 lane, eben semèn pase klèb kapital Panyòl la te mete on kominike deyò pou l te bay dat prezantasyon jwè fransè a ki dwe jodi madi 16 jiyè a, eben se verite, Mbappé prezante nan Santiago Bernabéu a.



Devan 80 000 fanatik, Real Madrid prezante Kyky Mbappé, avèk yon sipèb souri nan vizaj jwè fransè a, li rantre nan estad Bernabéu a kote piblik chouchou madrilèn te leve pou salye arive li nan pi gran klèb nan tout istwa foutbòl la.



Kylian Mbappé te pase plis pase twa minit ap pale de Real Madrid e montre kijan l kontan dèske l fè pati jwè klèb sila "🗣️Bonjou tout moun. Wow li etonan pou mwen isit la. Mwen te reve jwe pou Real Madrid pou plizyè ane e jodi a rèv sa a rive vre."



"Mwen vle remèsye Prezidan Florentino Perez ki te akeyi m nan premye jwè a malgre tout evènman yo ak ranvèsman. Mwen wè fanmi mwen kontan. Manman m kriye."

"Mwen te toujou reve pou m jwe pou Real Madrid e jodi a mwen fè rèv sa a rive vre devan nou. Mèsi tout moun paske nou isit la."


Mwen gen yon lòt rèv kounye a. Sa fè pati istwa Real Madrid la. Mwen pral bay tout bagay pou klèb sa a."


"Kounye a mwen gen yon nouvo rèv, ki se rive nan nivo lejann klèb sa a. Mwen pral bay tout lavi m pou klèb sa a ak badj sa a."


"Li te difisil men nou te genyen: mwen se yon jwè Real Madrid."



Se te kèk nan deklarasyon Kylian Mbappé maten an nan kad prezantasyon l avèk nouvo klèb li kise Real Madrid.


Ansyen jwè Monaco ak PSG a eritye nimewo 9 klèb sa, yon nimewo ki pa t gen mèt depi depa Karim Benzema depi jen ane pase men yon lòt fransè pral mete l sou do pandan 5 lane.



Byen vini Kylian Mbappé !!!




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire