Ewo 2024: Espagne ranpòte Koup Ewòp la sou Angleterre
Nan kad final Koup Ewòp Nasyon an, Espagne te gen randevou avèk Angleterre ki limenm se te finalis nan 16èm edisyon an, eben dimanch 14 jiyè a yo t al gade nan ki fason yo teka chanpyon men se te byen konte mal kalkile pou yo paske yo pèdi (2-1) e rive pa atenn objektif yo te genyen an.
Yon seleksyon Panyòl ki ekri anpil istwa pandan konpetisyon sila. S on seleksyon depi nan debi konpetisyon an ou te gentan wè l pral fè kichòy koz yo te byen demare l kont Croatie (3-0) avèk on foutbòl posesyon e dirèk, swit avèk nivo foutbòl yo a ekip Espay la te fini briyan pandan fas de gwoup la avèk 9/9 e kalifye pou uityèm de final kote yo t a pral kwaze Géorgie ke yo te rive pilverize (4-1) e pase pou l al jwe kadefinal kont Almay kote yo bat (2-1) pou pase al jwe demifinal kont France ke yo bat (2-1) pou rive kalifye pou final edisyon Koup Ewòp la.
Seleksyon Anglèz la te rantre nan konpetisyon an timidan avèk on viktwa (1-0) kont Serbie e apre yo t a pral fè 2 match nil fas Danemark (1-1) e Slovénie (0-0) e sa te rann yo fini premye nan gwoup pa yo avèk 5/9 pou kalifye pou uityèm de final yo t a pral kwaze ak Slovaquie yo te genyen (2-1) pou pase al jwe kadefinal kont Suisse yo te fè (1-1) ak li men nan tiwobi yo te genyen (5-3 t.a.b) e yo te rive pase ak yon konfyans pou demifinal la kote yo t al jwe Pays-Bas ke yo te bat (2-1) pou kalifye pou on dezyèm fwa konsekitiv nan final Koup Ewòp apre 2021 an kote yo konnen advèsè yo se te Espay.
Seleksyon Panyòl la rive chanpyon sou Seleksyon Anglèz la apre on viktwa difisilman (2-1) pou rive ranpòte 4èm Koup Ewòp li apre 1964, 2008, 2012 ebyen kounye a 2024 ajoute ladan n.
Yon premyè mitan kote seleksyon Panyòl lan te domine Anglè yo men ki pa t vrèman enkyete Pickford anba gòl la e sa te rann mitan an fini sou eskò nil e vyèj (0-0).
Nan dezyèm mitan an, Espay vini ak on lòt detèminasyon kote yo rive make byen bonè nan 47èm minit avèk Nico Williams (1-0) apre on pas de Lamine Yamal, swit apre ouvèti eskò a genyen Southgate ki t a pral fè plizyè chanjman e pami yo Cole Palmer ki t a pral rantre nan plas Kobbie Mainoo e se Palmer sa twa minit apre rantre l la t a pral egalize pou (1-1) an swit yon pas desiziv de Jude Bellingham, e g on konfyans vin genyen bò kote jwè Southgate yo men sa ta pral mal pase pou yo koz nan 86èm minit match, Mikel Oyarzabal ki t a pral rantre nan plas Morata te mete Espay devan ak (2-1) nan rankont e lèsa match prèske fini, malgre Anglè yo te pouse men anyen pa t mache jiskaske yo pèdi final la sou eskò (2-1) an fas Espay.
UEFA bay Nico Williams pi bon jwè final la.
Distenksyon e statistik pou konpetisyon sa :
Lamine Yamal fini pi bon jè jwè Koup Ewòp la.
Rodri fini pi bon jwè Koup Ewòp la.
Meyè pasè : Lamine Yamal 4 pas desiziv.
Meyè bitè : Dani Olmo, Harry Kane, Mikaudadze, Cody Gakpo, Jamal Musiala ak Ivan Schranz kote yo chak la make 3 gòl.
Pi bèl gòl konpetisyon an : Lamine Yamal fas France.
Ekip ki make plis gòl : Espagne 15 gòl.
Pousantaj posesyon : Portugal 64,8.
Pas ak presizyon : Allemagne 91,2.
Ekip ki tire plis : Espagne 123 fwa.
Distan pakouri : Angleterre 846,1 km.
Plis dyèl genyen : Espagne 88 dyèl.
Balon rekipere : Espagne 290 balon.
Plis arè : Géorgie 29.
Plis match san ankese : France 4 match.
Plis viktwa : Espagne 7 viktwa.
Plis match nil : Slovénie 4 nil.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
