Katouch fè mikalaw Etazini, Donald Trump blese

0


 Katouch fè mikalaw Etazini, Donald Trump blese 

Nou konnen nan moman sa gen kanpay pou eleksyon nan peyi Etazini. Jounen samdi 13 jiyè a pandan kandida Repibliken an te sou podyòm devan patizanl yo,  plizyè katouch te eklate anplis Trump blese. 


Gwo aksyon sa pase nan Pennsylvanie pandan milyonè a tap fe mesaj li pase. Nan ka sa, ansyen prezidan ameriken an Donald Trump te manyen zòrèy li, nan moman katouch tap pete, avan li te bese atè plat poul pat viktim de sak tap pase a. 


Otomatikman, ajan sèvis sekrè ki te sou plas, te oblije kouri vin pran ansyen Prezidan an pou ale avèl. Se nan moman sa a, tout moun te ka wè san nan zòrèy li ak sou vizaj li. 


Daprè eleman enfòmasyon yo, Donald Trump tap pale sou koze migran kap antre nan peyi tonton sam ilegal yo nan moman bal la te tonbe chante men antouraj li fè konnen li anfòm poutan moun sa ki te vide bal la li pala ankò sekirite ki te la yo mete dòmi nan jel.


Nap raplew, eleksyon ap gen pou fèt nan mwa novanm kap vini la kote batay la pral sere anpil ant Donald Trump ak kandida demokrat la Joe Biden. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire