Ewo 2024: Espagne ak France pral rankontre nan demifinal nan Koup Ewòp la
Nan kad de premye kadefinal Koup Ewòp la kote Espay te gen randevou ak Almay e yon lòt bò te gen Portugal ki t ap jwe kont ekip France lan eben nou deja konnen de venkè pou demifinal la ki pral mete Espay fas Frans.
Se Espagne kite premye demifinalis la kote l bat Almay (2-1) apre 120 minit foutbòl kite jwe ant de ekip sa yo gras avèk D. Olmo e Mikel Merino ki pèmèt seleksyon Panyòl la jwenn biyè kalifikasyon l malgre egalizasyon Florian Wirtz pou Alman yo nan fen match la kite rann pwolongasyon an fèt men yo t a pral ankese yon gòl nan 118èm minit pou fini ak tout espwa yo nan match la malgre se yo k te gen kontwòl balon an pandan prèske tout match foutbòl la.
Dani Olmo kite bitè pou ouvèti eskò a e se limenm kite bay pas gòl pou te fè Espay mennen (2-1) nan rankont lan, UEFA chwazi l kò m pi bon jwè match la.
Portugal fas France se t a pral dezyèm kadefinal pandan jounen vandredi a, eben sa rive mal pase pou peyi Cristiano Ronaldo a ki tonbe nan siyans fatidik de tiwobi.
Se yon rankont ekip Portugal la ap domine depi nan debi rankont lan jiska kout siflè final la, men se yon match kote ekip France te gen on bon defans ant Upamecano e Saliba ki te vrèman ekstrawòdinè e san bliye Maignan ki vrèman te kenbe Lafrans nan match la.
Yon 90 minit ki fini nil e vyèj (0-0) e sa te koz yo voye match la nan pwolongasyon e pandan 30 minit sa pa t janm rive gen gòl jiska yo ale nan seyans fatidik de tiwobi pou wè nan ki fason yo teka depataje ekip yo, eben se France ki rive gen rezon ladan n (5-3) kote se João Félix ki pa rive transfòme tiwobi pa l la nan gòl la e ki wè yo elimine nan Koup Ewòp la.
Apre yon bon rantre bò kote Ousmane Dembélé se limenm UEFA bay kò m meyè jwè rankont sila.
Randevou pou madi ak 3è pm pou match chòk sa ant Espagne fas France nan demifinal Koup Ewòp dè Nasyon an.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️