Ewo 2024: Pays-Bas kalifye sou Roumanie

0


 Ewo 2024: Pays-Bas kalifye sou Roumanie



Nan anvan dènyè match uityèm de final Koup Ewòp la, Pays-Bas te gen randevou ak Roumanie jodi a, eben se Olandè yo ki bat Woumèn yo (3-0) e pase pou al jwe kadefinal konpetisyon an.



Gras avèk on gwo Cody Gakpo ki make yon gòl e bay on pas desiziv pèmèt peyi l kalifye pou al jwe kadefinal Koup Ewòp la. Yon sipèb chanjman pou Ronald Koeman nan 46èm minit kote Steven Berjgwijn pou fè rantre Donyell Malen e nan moman an match la te (1-0) eben nan 10 minit pandan fen rankont lan Malen ta pral 2 gòl, youn nan 83 minit e lòt la nan 90+3 pou bay Hollande viktwa a (3-0) fas ekip Roumanie a.



UEFA chwazi Cody Gakpo kòm pi bon jwè match la.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire