PNH la mete pyel atè nan komisarya Gresye

0


 PNH la mete pyel atè nan komisarya Gresye 


Lapolis repran kontwòl komisarya Gresye a ankò, aprè yon gwoup bandi te fin pran kontwòl espas la kote yo te lage yon videyo sou rezo sosyal yo, ayè lendi a. San pèdi tan, PNH la pral mennen yon operasyon epi mete tout bagay nan lòd. 


Daprè yon sous nan katèl minisipal Gresye a, Lapolis pran kontwòl batiman an, aprè yon operasyon ki te gen ladann polisye ki soti nan Nip,  Sidès… pou n site sa yo sèlman. Menm sous sa fè konnen gen bandi ki ta pèdi lavi yo nan echanj kout zam ak fòs lòd yo. 


Jan nou remakel depi kèk mwa, gang yo vle boule tout komisarya nan kapital e se pa premye fwa yo rive nan komisarya Gresye a men polisye ki soti nan Nip, Sidès... toujou fè sa yo konnen pou repran kontwòl li ankò. 


Antouka nap rete tann kòman sa pral pase, men gen moun ki estime te dwe gen yon atansyon nan komisarya Gresye a pou evite sa te rive ankò paske se pa premye fwa gang yo debake nan komin sa pou vin dechèpiye. 



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire